« Bò Katedral » se yon eslogan ki alamòd depi kèk tan nan peyi Dayiti. Sou rezo sosyo yo, nan lekòl, nan biwo tout moun ap itilize 2 mo sa yo pou siyifye tout sa ki pa bon, tout sa ki mal fèt. Pa egzanp : Limonad bò katedral, Wendy bò Katedral pou ta montre ke atis kap imite rapè Wendy yo pa bon. De ki Katedral yap pale menm? Ki kote li plase? E poukisa se li moun yo itilize?
Nan eslogan sa a » Bò Katedral », Katedral yap pale a se Katedral Pòtoprens, bon non li se « Notre Dame de l’Assomption » ki te inogire nan lane 1914. Pou nou remonte a listwa, legliz Katolik parèt nan peyi Dayiti ak vini Christophe Colomb a nan lane 1492 kote mouche a te plante yon Kwa nan « Baie des Moustiques ». Depi lè sa a pèp la adopte Katoliz kòm youn nan relijyon e li te youn nan pyon enpòtan pou te mete lesklavaj.
Vil Pòtoprens fonde nan lanne 1749, pita nan lanne 1771 lòd pase pou konstwi yon legliz nan vil sa a, ki te reponn a mòd konstwiksyon epòk la, bwa ak masonn. Apre siyati yon pwotokòl antant ant Legliz Katolik ak Leta nan lane 1860, sa ki pote non » Konkòda 1860″ lan, legliz saa te vini Katedral Zòn Pòtoprens. Pandan tan sa a plis moun ap antre nan relijyon enpòte sa a, ebyen nan lanne 1914, Achevèk Pòtoprens lan beni, batize Katedral sa a de « Notre Dame de l’Assomption ». 7 janvier 1991 pou te pwoteste kont Koudeta Roger Lafontant, dife te mete nan Patrimwàn sila a.
Li pat « Notre Dame de Paris » men Katedral la te diy de non li. Li te youn nan moniman enpòtan nan peyi Dayiti, li te reprezante senbòl ak fyète tout yon nasyon e tout abitan Pòtoprens. Li te yon pyès enpòtan nan Lavi Politik peyi a e nan selebrasyon gwo seremoni tankou, fèt bisantenè, envestiti Prezidan. 7 Moniman sa a detwi nan gwo tranbleman tè 12 janvye 2010 kote menm Palè Nasyonal pat epanye.
« Bò Katedral, yon eslogan »
Bò Katedral Pòtoprens, tankou nan prèske tout gwo vil peyi a, tout kote se mache. Vil Pòtoprens se kapital politik e an bon pati kapital ekonomik peyi a. Gwo machann, ti machann, detayan, brasè, koutye, bouretye, machann telefòn, mekanisyen tout konfonn nan gwo mache yo. Bò Katedral ki layite kò li nan lari « Docteur Aubry » se yon egzanp klè.
Jounen Jodi a, kote saaa ki rele Bò Katedral la tounen yon kote ki danjere, yon kote bandi kapab fè ou lalwa. Anpil moun pè frekante li. Nan machann, detayan yo tankou tout kote chaje blofè, moun kap bay mato sitou nan materyèl elektwonik yo. Dapre Kèk moun, ou ka bay ranje oubyen achte yon telefòn, nan men bòs la ou machann lan ou wè li limen tout bagay ap byen mache, lè ou rive lakay ou li pa limen. Yo rele sa « Telefòn bò Katedral.
Konsa tou ou ka ale Achte yon bagay kèlkonk nan zòn saaa, yo montre ou li, yo metel nan yon sachè, yon bwat ba ou poutan sa ou gade a se pa li yo ba ou. « Sa rele mato bò Katedral ». Gen anpil lòt egzanp nou te kapab pran. Donk nan sans sa a « Bò Katedral la vin siyifye tout sa ki pa bon, yon kote tout bagay yo fèt alanvè, yon kote si ou rive pou kapab kale jew pou yo pa baw zannana pou sizán.
Men tou sa pa vle di ke kote sa a pa genyen moun serye, genyen anpil pèsonalite ki soti nan zòn sou kote Katedral la ki se moun debyen.
Eske gen jounalis bò Katedral?