70 % lekòl ouvri nan peyi a daprè MENFP

70 % lekòl ouvri nan peyi a daprè MENFP

Nan kad yon konferans pou laprès, vandredi 16 desanm 2022 a, minis Edikasyon nasyonal la, pwofesè Nesmy Manigat anonse 70 % lekòl nan peyi a ap fonksyone kòm sa dwa.

« Nou demare mwa novanm ak 7% lekòl ki louvri, nou deja franchi kap 70%. » fè konnen titilè MENFP la. Minis la ale pi lwen pou l deklare ministè a pap satisfè toutan 100% lekòl yo pa fonksyone. Se poutèt sa, daprè li menm, apati mwa janvye 2023, tout timoun ki dwe ale lekòl ap rantre lekòl.

Yon lòt bò, li salye tout patnè yo tankou Direktè depatmantal edikasyon yo, direktè lekòl yo, anseyan yo, enspektè lekòl yo ansanm ak paran yo ki, selon li menm, pa t janm sispann travay pou pèmèt tout timoun repran chimen lekòl. Minis la vie yo konnen nan nivo yo rive la, yo gen obligasyon pou yo kontinye.

« Lekòl pa ka kanpe ! Lekòl pa dwe kanpe ! Lekòl pa ka tann ! » li di ak tout fòs li.

Toujou nan kad konferans pou laprès sila, minis Manigat anonse pral gen reyamenajman nan kalandriye lekòl la pou ane akademik 2022-2023 a. Yon reyamenajman ki prèske bout.

N ap raple malgre anpil efò ki fèt, anpil lekòl poko ouvri pòt yo nan zòn metwopolitèn nan. Yon antre lekòl ki te paralize akoz pwoblèm rate gaz la ansanm ak pri pwodui premye nesesite yo k ap vale teren chak jou pi plis.

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *