Dat konkou admisyon Lekòl Nòmal Siperyè a repòte

Dat konkou admisyon Lekòl Nòmal Siperyè a repòte

Nan yon nòt ki pibliye, ayè jedi 22 septanm 2022 an, Konsèy Direksyon Lekòl Nòmal Siperyè a anonse konkou admisyon pou ane akademik 2022–2023 Ki te prevwa fèt dimanch k ap 25 septanm nan repòte.

Jan anpil lòt antite nan Inivèsite Leta Ayiti a te fè sa, Lekòl Nòmal Siperyè ki ta dwe òganize konkou admisyon pou ane akademik 2022-2022 twouve l nan obligasyon pou l repòte l, daprè yon nòt Konsèy Direksyon an mete deyò.

Konsèy Direksyon ENS la fè konnen se paske majorite postilan yo poko, jiskaprezan, retire fich ki pou ba yo aksè ak sal egzamen yo. Yon sitiyasyon kriz sosyopolitik peyi a ap konnen nan dènye tan sa yo lakoz.

Menm lè okenn dat ofisyèl poko kenbe pou dewoulman konkou admisyon an, yon dat l ap rann piblik nan pa twò lontan, Konsèy Direksyon ENS la enfòme postilan yo posesis validasyon an ap kontinye.



AlixISRL
alixisrael53@gmail.com

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *