MENFP : li entèdi pou komès fèt nan lekòl yo san otorizasyon Leta

MENFP : li entèdi pou komès fèt nan lekòl yo san otorizasyon Leta

Nan yon sikilè ki pibliye nan dat, 8 septanm 2022 a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) entèdi lekòl piblik kou prive vann liv, kaye, chosèt, mayo, elt, san otorizasyon leta. Okenn lekòl tou pa gen dwa mande paran yo peye ak lajan etranje.

Depi kèk tan, lekòl an Ayiti tounen kote biznis ap fèt. Yo vann anndan yo tout kalte pwodwi tankou founiti eskolè yo, mayo, chosèt, riban, elatriye. Yon sitiyasyon ki lage paran yo nan plis tèt chaje paske lekòl yo egzije yo achte pwodui sa yo menm si yo genyen l deja. Jeneralman, pri pwodwi sa yo k ap vann nan lekòl yo konn pi wo pa rapò ak pri machann ap vann yo nan lari a. Sa ki soulve endiyasyon paran yo.

Pou mete yon fren ak pratik sila anndan lekòl yo, MENFP pran desizyon nan yon sikilè li pibliye ayè jedi a pou entèdi lekòl yo vann pwodwi sa yo san otorizasyon otorite ki la pou sa.

” Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl fè piblik la konnen, sitou kominote edikativ la, li entèdi pou fè yon aktivite ki gen rapò ak kòmès nan yon lekòl, kit li piblik oubyen prive, san otorizasyon otorite ki la pou sa. Akreditasyon Ministè a bay lekòl yo, pa gen rapò ak komès, se pou aprantisaj ak lòt aktivite ki makònen ak sa. ” nou kapab li nan sikilè a.

Yon lòt bò, Ministè a entèdi lekòl yo mande paran yo achte materyèl pou yo kapab fonksyone ni tou egzije yo peye eskolarite a an dola oubyen lòt lajan etranje.

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl rekonfimen atachman l nan yon tèt kole ant Lekòl Piblik ak Lekòl Prive yo. Li konte tou sou desizyon tout moun pou respekte desizyon sila.

Alix ISRL
alixisrael53@gmail.com
Sous : MENFP

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *