Rantre lekòl 3 oktòb : MENFP mande ajan edikatif yo respekte desizyon sila a

Aprè MENFP fin pran desizyon nan kad yon Konsèy Gouvènman pou ranvwaye rantre lekòl la pou 3 oktòb k ap vini la, li mande pou respekte jan li mande l tout konsiy ministeryèl sou desizyon sila a.

Nan yon nòt pibliye jounen lendi 29 dawout 2022 a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) mande pou tout ajan edikatif yo (direktè lekòl, pwofesè ak paran) respekte desizyon li te pran, vandredi 26 dawout la, nan sa ki gen pou wè ak dat rantre lekòl la li ranvwaye pou 3 oktòb k ap vini la.

Ministè a pwofite atire atansyon tout aktè yo sou sitiyasyon peyi a ap fè fas epi mande yo pou mete tèt yo ansanm nan inite ak solidarite pou pèmèt tout timoun gen menm chans pou yo reyisi.

Daprè Ministè a, direktè depatmantal yo, enspektè yo, Meri yo, Kazèk ak Azèk yo gen responsablite pou pran tout dispozisyon ki nesesè pou fè respekte konsiy Leta bay pou rantre lekòl la fèt jan sa dwe ye.

Crédit Photo : MENFP

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous : MENFP

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *