Ayiti-Ensekirite|- Pou pi piti bandi asasinen 6 moun nan komin Kwadèboukè

Ayiti-Ensekirite|- Pou pi piti bandi asasinen 6 moun nan komin Kwadèboukè

Jodi samdi 20 dawout la, nan maten byen bonè, 6 moun ta rive pèdi lavi yo, nan komin Kwadèboukè, daprè sa anpil medya fè konnen.

Yon kadav ki boule ak tout yon machin ki gen pou mak Suzuki Grand Vitara, bò kote l yon lòt kò ki boule tou k ap difisil pou idantifye ak yon lòt ankò k ap benyen nan san l. Kèk pa pi lwen ankò, twa (3) lòt kadav moun poko idantifye, se bilan yon zak sasinay ki rive maten an nan Site Doudoun ki twouve l nan komin Kwadèboukè.

Daprè enfòmasyon k ap kouri nan plizyè medya, se yon sous polisyè ki ta rive konfime nouvèl sila. Menm sous sa a ta fè kwè Lapolis gentan leve kadav yo epi yon ekip gentan rann yo prese prese nan mòg kote yo ye a pou antame posesis idantifikasyon yo.

Pi lwen, moun ki abite nan zòn nan deklare se bandi ak zam nan Site Doudoun ki ta komèt zak sa a. Yo tiye moun sa yo nan kad yon zak kidnapin yo t ap tante fè sou yo men ki echwe.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous : TT

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *