Ensekirite|-. Bandi ak zam tiye yon djak, kidnape madanm li epi blese 2 fidèl anndan yon legliz nan Pòtoprens

Ensekirite|-. Bandi ak zam tiye yon djak, kidnape madanm li epi blese 2 fidèl anndan yon legliz nan Pòtoprens

Bandi ak zam antre nan Premye Legliz Batis ki chita kò li nan ri La Reyinyon nan komin pòtoprens epi touye yon dyak, kidnape madanm li epi blese 2 lòt fidèl. Aksyon sa a pase vè 7è nan maten dimanch 26 septanm lan.

Sylner Lafaille se non yon dyak Premye Legliz Batis Pòtoprens ke bandi touye ak bal pandan li t ap antre legliz la. Apre zak sa a bandi yo ale ak madanm li epi blese 2 lòt moun nan legliz la.

Zak sila a sanble tèt koupe ak sa bandi yo ye fè nan legliz Advantis Dikini an kote yo te kidnape Pastè a ak kèk fidèl.

Zak banditis yo ap ogmante nan kapital Pòtoprens alòske Otorite yo kwaze ponyèt yo ap gade bandi yo ki ap fè Lalwa.

About Author

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *