Ensekirite : Lapolis tire epi boule dezyèm loreya egzamen bakaloreya depatman lwès la

Ensekirite : Lapolis tire epi boule dezyèm loreya egzamen bakaloreya depatman lwès la

Ayè jedi 15 septanm 2022, yon jèn gason 21 lane pèdi lavi l sou wout Ayewopò a. Daprè papa viktim la, se ajan PNH ki ta tire sou li epi boule li tou vivant.

Widley Veron Joseph, se non yon jèn gason ki pèdi lavi l, ayè jedi 15 septanm nan, sou wout Ayewopò a, anfas Berhmann Motors, pandan l pral chaje laptop li. Daprè papa viktim la, ki t ap entèveni nan Jounal Premye Okazyon sou RTVC, se ajan nan PNH la ki ta tire sou li epi boule li tou vivant.

Widley Veron Joseph, te sòti dezyèm loreya pou depatman Lwès la, ane sa a. Li te jwenn yon vous pou etidye medsin nan peyi Kanada, daprè sa papa l fè konnen.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *