Ayè jedi 21 jiyè a, Lapolis Nasyonal sezi anviwon 10 zam ak anpil katouch nan Dwàn Pòdepè a. Daprè enfòmasyon PNH la pataje, se ta sou yon bato ki sòti nan peyi Etazini yo rive jwenn zam sa yo.
Lapolis k ap sezi zam tout lasentjounen nan komin Pòdepè vin pa yon nouvèl pou pèsòn. Se yon koze moun ap tande toutan. Yon lòt fwa ankò, ayè jedi a, plizyè ajan nan Lapolis Nasyonal la mete ansanm ak kèk brigadye nan ladwàn Pòdepè a pou rive sezi yon kantite zam mele avèk yon kantite chajè ak katouch.
Daprè Kowòdinasyon Près ak Relasyon Piblik PNH la, fòs lòd yo ta rive rekipere, sou yon bato ki sòti nan peyi Etazini, 7 zam pami yo 4 pistolè kalib 40. Yo sezi tou 434 katouch au 9 chajè kote 6 pami yo se kalib 40.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous : paj Facebook PNH la