« Jovenel! », yon jouman ki pa piti, ki kapab mete goumen.

« Jovenel! », yon jouman ki pa piti, ki kapab mete goumen.

Lontan si yon moun ta di w « Duvalier », konnen ou se yon diktatè, se lide pa ou ki pou toujou pase. Mo « Titid » ki se non gate pèp la bay « Jean Bertrand Aristide » la vle di yon nonm ki entèlijan men ki kriminèl tou. Preval la menm vle di nèg ki pa renmen pale, ki rize men ki renmen ti gwòg li. Mouche Martelly li menm, se yon nonm ki radi, ki pa respekte moun ak pawòl k’ap soti nan bouch li. Jounen jodi a pou di yon moun kèk pawòl sal, nou pa bezwen detere manman nou ankò, nou pa bezwen ale lwen pou nou chèche mo pou nou salanbe yon moun ke nou genyen kont avèk li, nou gen sèlman pou nou itilize prenon Prezidan Repiblik la « Jovenel ».

Se premye fwa nan listwa peyi Dayiti ke non yon prezidan pa reprezante anyen pou pèsonn. Menm timoun pou piti 10 lanne konprann depi ou pale de Jovenel, ke se yon vye pawòl. Gen moun ou kapab di mo a ki fache e ki menm pete goumen ak ou.

Kisa non « Jovenel » la vle di kòm jouman?

Jovenel Moïse monte sou pouvwa a nan lanne 2017 ak yon kalte pwomès san parèy ki menm fè Ayisyen santi ke se siwo ki pral koule pou yo. Ala de ka Papa! Siwo a tounen fyèl, Pèp la pa vle wè nonm bannann lan. Depi lè saaa mo Jovenel la se yon jouman.

Nan yon premye tan, yo wè mouche a pa sanble ak anyen lè li mete kostim sou li. Kostim li konn sanble vwèl batiman ki sou lanmè, san yo pa rate pou yo di mouche a pa twò bèl gason tou. Ebyen nèg ki te mèg kou tako nan « I love you Anne » lan ke yo rele Don Kato ki te vini senatè depatman lwès la fè yon kanaval kote li rele mouche Jovenel Seksi Pentad. Sa vle di depi yo di ou Jovenel depan de jan kò ou ye, li vle di bwa alimèt.

Yon lòt bò ak dividal pwomès ke mouche a pa akonpli vin fè Pèp la wè ke Nèg bannann lan se yon gwo mantè, betizè. Ebyen nan sans sa a, non Jovenel la vle di mantè, betizè, radòtè.

Si nou ale pi lwen, mouche sa a pa janm mete dlo nan bouch li pou li kritike detraktè li yo, li toujou ap ba yo defi, di yo men kwa papa yo, men kwa manman yo. Sa vin fè mouche Jovenel sanble kòm yon jenn fanm ki renmen joure sou tèt mòn ak matlòt. Nan yon je, yo wè Apredye kòm yon Zenyèz. Ala koze nan la repiblik.

Non Prezidan an site plizyè fwa nan lajan Petwokaribe, sa ki ta vle di ke Enjenyè a gen dwèt long. Anpil moun di ke mesye Jojo se yon dwèt long siperyè, men nan bon kreyòl si yo vle ou konprann y’ap di ou vòlò, chat, mimi myaw.

Nan sa ki gen awè ak yon bon jennjan, yo ta menm sanble di mouche sa a pa gen sans ladrès la ditou lakay li, yo trete li de gwo jera, gwo soulye.

Nan zafè konesans menm, mesye sa a toujou kenbe anpil chif nan tèt li pi mal ke yon òdinatè ki anrejistre plizyè fichye oubyen ki pwograme pou fè kalkil, san nou pa inyore ke mesye a ki anpil tenten lè li ap pale pami yo lanp a kewozèn. Pèp la di mouche a se yon toutis, li konnen tout bagay. Anpil moun di tou ke nèg bannann lan se yon apranti diktatè paske li ap dirije jan volonte li di li.

Poukisa li konsa? Antouka, kesyon sa a anpil moun kapab reponn li. Na fè dediksyon nou.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *