Ayiti|-. Chofè yo monte pri kous yo jan yo vle, pasaje yo lage pou kont yo

Ayiti|-. Chofè yo monte pri kous yo jan yo vle, pasaje yo lage pou kont yo

Depi kèk tan, Leta ak lòt enstans konsène yo nan peyi Dayiti fèmen je yo sou jan machin ak moto ap pote moun e a pri yo deside. Chofè yo lakoz rate gaz ki konn genyen chwazi ogmante sou pri transpò yo jan yo pito. Kiyès k ap defann pasaje nan peyi Dayiti menm?

Gen yon bagay ki di « si ou vle konn kòman yon peyi ap fonksyone, gade jan sikilasyon ak transpò fèt nan peyi sila a ». Sanble se pa manti sa ki di a paske li jwenn vrè sans li nan peyi Dayiti. Jan machin ak moto pote moun nan peyi Dayiti bay kè plen e anpil fwa revolte kèk moun. Machin yo konn twò chaje, sa ki pa jwenn plas yo oblije kanpe, nan langaj Ayisyen sa rele « sèso ». Moto yo menm pafwa pote 2 moun oubyen 3 alòske se yon moun ak chofè a sèlman ki dwe sou li.

Malgre pasaje yo ap monte yon pakèt machin ki pa nan bon eta, chofè yo chwazi takse moun yo jan yo vle, sa ki konn kreye gwo bouch louvri ant pasaje ak pwopriyetè oubyen chofè a. Nan ka sa a se swa ou reziyem oubyen ou pran li a pye men reziye a vin antre nan pratik Ayisyen paske yo aksepte tout sa ki vini, adapte yo e viv ladan l’.

Kiyès ki dwe mete lòd nan transpò a nan peyi a?
Malgre tout enstitisyon yo ajenou nan peyi a, men nou ka konte 3 enstans ki dwe pote repons ak dezòd sa yo.

1- Ministè zafè sosyal
Ministè sa a nan zafè transpò moun gen mo pa li pou li plase nan fikse pri kous yo, ki dwe fèt an fonksyon de pri gaz la. Men depi kèk tan Ministè sa a pa okipe li de bagay konsa, genyen moun ki menm ap mande èske moun sa yo ki nan bwat Leta sa a gen yon bagay serye y ap fè.

2- Lapolis
Nan kèk ka, Lapolis la pou fè aplike yon lòd ki pase, yon mezi elatriye. Men nam zafè transpò moun, yon machin te mèt pote kantite moun yo vle a pri yo vle, y ap pase anba je ajan yo, yo p ap di anyen. Pwoteje ak Sèvi a vin pa yon obligasyon pou kèk moun nan enstitisyon sa a.

3- Sendika Yo
Nan pati moun ki la pou defann dwa moun, kategori sa yo fè pati de enstans ki ta dwe plase mo ki dwe ede pèp la genyen yon alemye. Men maletrezman yo tout fèmen bouch yo gade jan pèp la ap soufri.

Finalman pasaje yo livre pou kò yo fas ak chofè yo ki pa sispann toupizi yo jan yo vle, fè sa yo vle, jan yo vle, lè yo vle, jan yo vle.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *