Ayiti-Diplomasi|-. Wolff Dubic nonmen Enspektè jeneral Anbasadè ak konsila yo

Yon arete nan dat 29 jen 2022 nonmen ansyen Direktè jeneral nan Enspeksyon Jeneral Finans, Wolff Dubic Enspektè jeneral Anbasadè ak konsila yo, avèk ran anbasadè.

Wolff Dubic vin nouvo Enspektè Jeneral Anbasad ak konsila yo, avèk ran anbasadè, daprè yon arete ki pibliye nan jounal ofisyèl  » Le Moniteur « , nan dat 29 jen 2022. Nominasyon sa vini nan yon kontèks kote Chèf diplomasi peyi Dayiti a, Jean Victor Généus te raple tout anbasadè yo ki aletranje.

Yon desizyon ki te rive alpike men Minis Afè Etranjè a ak kilt yo, pa janm kapab ranplase diplomat sa yo. Sa ki fè anpil moun fè konnen minis la se yon amatè nan konpòtman l kòm Chèf diplomasi peyi Dayiti.

N ap raple tou nouvo Enspektè Jeneral Anbasad ak konsila yo, M. Wolff Dubic ki se tou, ansyen Direktè jeneral nan Enspeksyon Jeneral Finans, sot pase nèf (9) mwa san li pa t kapab antre nan biwo li, nan Direksyon Jeneral Enspeksyon Jeneral Finans lan, akòz mouvman pwotestasyon anplwaye yo.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *