Ayiti |-.Yon jenn gason twouve arestasyon li nan yon restoran paske li t ap gade Minis Jistis la

Crédit Photo : Média Max (cette photo est la propriété de Média Max)

Minis Jistis la, Mèt Bertho Dorcé, fè arete yon jenn gason nan Lakay Restoran nan Okap paske sitwayen an t ap gade li twòp.

Big, se non jenn gason sa a ki jwenn arestasyon li nan Lakay Restoran nan Okap kote li t ap pran plezi li. Se Minis Jistis la mèt Bertho Dorcé ki fè arete sitwayen an paske li t ap gade li.

Nan yon entèvyou Mediamax reyalize ak viktim lan ki se Big, l fè konnen li pa t menm okouran si te genyen yon minis jistis anndan espas la e li rakonte kijan sa pase.  » Yèswa pandan m Lakay Restoran ak yon patnè m’. Li te ka nan 11è edmi pou minui, pandan n’ap bwè; yon gwoup moun vin vini. Yon nèg k’ap fimen yon siga epi k’ap bwè  ap pale nan zòrèy ak yon demwazèl epi l ap lonje dwèt sou patnè m nan. Misye rele yon moun ki te gen inifòm Polis sou li epi l di l yon pawòl. Polisye a vin sot deyò epi l rantre avèk nenpòt 8 moun ki gen gwo zam”.

Selon sa TZ le Spécimen, yon jounalis, fè konnen sou paj , Big se yon jenn gason saj, se yon flannè ki renmen pran plezi li, mete frechè, li pa enplike nan zafè moun.

Pandan anpil gang ap taye banda nan Kapital la, Minis Jistis la Mèt Bertho Dorcé, ale chita nan restoran ak fanm, bwè gwòg li, pran plezi li. Matisan genyen 13 mwa depi se ak kè anba plan pye moun ap pase ladan li. 

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *