
Lendi k ap 3 oktòb 2022 a, sikilè 114-3 ki konsène Bank yo ak mezon transfè yo dirèkteman ap antre an aplikasyon daprè yon nòt Bank Santral te mete deyò, ayè 2 septanm nan.
Daprè Bank Santral, anplis lòt règleman ki plis konsène bank yo ak mezon transfè yo dirèteman Sikilè 114-3 di tout transfè dwe peye an goud sof si li pwale sou yon kont dola ; to yo peye transfè a pa dwe pi piti ke to referans lan ; si yon moun vle voye 1000 dola ou plis pou ou, li dwe fè yon viman bankè ; bank yo ak mezon transfè yo dwe idantifye tout kliyan ; resi yo dwe gen tout enfo tankou montan, to, lokasyon elatriye ; bank yo ak mezon transfè yo dwe afiche to a nan lokal yo pou tout moun wè
Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com