Nan kad yon konferans pou laprès, jounen lendi 22 dawout 2022, gouvènè Bank Santral la, Jean Baden Dubois anonse enflasyon an rive 29 % nan peyi Dayiti. Se to ki pi wo peyi a ap fè fas depi 10 dènyè lane sa yo, daprè gouvènè a.
29 % se nan nivo sa enflasyon an rive an Ayiti, deklare gouvènè Bank Santral la, Jean Baden Dubois, nan kad yon konferans li te akòde ak laprès, jodi lendi 22 dawout la. Selon li menm, konjonkti makro ekonomik peyi a ap fè fas jounen jodi a, konplètman diferan ak sa ki te genyen pandan lane 2021 an.
Ogmantasyon pri pwodui nesesite yo sou mache lokal la reflete tout bon enflasyon an k ap vale teren chak jou pi plis. Sa ki lakoz, malere malerèz ki pa ka monte chodyè nan yon peyi plis pase 3 milyon moun ap viv nan ensekirite alimantè.
BRH pral mete 150 milyon dola sou mache a
Nan lide pou pèmèt goud la pran jarèt, BRH pral mete 150 milyon dola sou mache a anvan ane fiskal la fini. Se sa gouvènè a fè konnen tou nan kad menm konferans pou laprès.
Nan yon peyi kote pri tout pwodwi premye nesesite ap vale teren, ensekirite a ki pa chome ditou san konte chomaj toupatou, se lanmizè ak dezespwa k ap sasiyèt malere malerèz, moun ki pi fèb yo. Malgre tout sa yo, okenn otorite pa janm fè ni di anyen pou popilasyon ayisyèn nan k ap koupi nan lamizè.
Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com