FAd’H : « Ti Satan », yon lòt non ki fè moun pè

FAd’H : « Ti Satan », yon lòt non ki fè moun pè

« Ti Satan » non sa a raple ou Satan 1 ak Satan 2 ki se non 2 misil ki twouve yo Larisi ak Koredinò, ebyen se pa sa. Li raple ou tou « Satan » ki se movèz espri oubyen djab, li pa sa toujou.

Apre « Ti Magali » ki se non yon blende Lapolis k ap vide bandi atè nan komin Kwadeboukè ak lòt zòn ki anviwonnen l, ebyen genyen yon lòt blende ki pote non « Ti Satan ».

Blende sa a yo rele « Ti Satan » an li se pwopriyete Fòs Lame Peyi d’Ayiti (Les forces armées d’Haïti : FAD’H). Se militè yo menm ki bay blende a pote non sa a men jiska prezan nou pa konnen poukisa paske Lame Peyi d’Ayiti pa fè twòp deplwaman pou trake vakabon menm jan ak « Ti Magali ».

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *