Sibstiti Komisè Gouvènman Senmak la, Mèt Verissaint Souverain jwenn arestasyon l, ayè vandredi 26 dawout 2022, ban moman li ta prale nan konsila Etazini a. Koripsyon, blanchiman, konplisite asosiyasyon malfektè se ansanm akizasyon so yo ak lòt ankò ki sou do Sibstiti Komisè a.
Vandredi 26 dawout pase a, ajan Biwo Afè Finansyè ak Ekonomik yo (BAFE) nan DCPJ mete anba kòd Me Verissaint Souverain ki se Sibstiti Komisè Gouvènman Senmak la aprè yo te fin mete l an dispoblite. koripsyon, blanchisman lajan, anrichisman nan do Lalwa se ansanm akizasyon sa yo ki peze sou do l. Yo akize li tou nan konplisite asosiyasyon malfektè aprè li ta fin libere Frenot Thechelot, yon prezime bandi Lapolis te arete nan dat 2 jiyè ki sot pase a la.
Daprè PNH la, Frenot Thechelot Sibstiti Komisè Gouvènman an te libere a, se yon manm aktif gang « Baz gran grif » ki gen ladan l yon ansanm kriminèl ki pa manje anyen frèt. Gang sa a ap opere nan » Savien ak nan Palmis « , yon lokalite ki twouve l nan depatman Latibonit.
Pou kounye a, Sibstiti Komisè Gouvènman Senmak la, Mèt Verissaint Souverain twouve l nan DCPJ pou reponn kesyon Lajistis.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous : Paj Facebook PNH la