Lovenie Jean Louis se non yon jèn fanm ajan BLTS/ DCPJ mare, ayè jedi 21 jiyè a, sou wout Ayopò a. Arestasyon rive fèt nan kad ankèt li louvri nan Dosye zam ak bal yo te sezi nan APN nan dat 14 jiyè ki sot pase a.
Jèn fanm sa a ki gen 35 lane sou tèt li jwenn arestasyon aprè avi rechèch Lapolis Nasyonal te lage dèyè li pou prezime enplikasyon nan dosye a.
Fòs lòd yo arete li aprè yo fin mete anba kòd de lòt endividi pami yo Gina J.L Rolls ki enplike nan menm dosye trafik zam ak katouch sa a, daprè sa Lapolis fè konnen.
N ap raple 22 zam pami yo 19 manch long te rive sezi kad yon operasyon inite nan Lapolis la te mennen nan APN, semèn pase. Yo te jwenn tou 140 chajè zam divès kalib ak 14 mil 600 katouch nan plizyè kontnè san konte 50 mil dola rekipere.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous : Paj Facebook PNH la