Lapolis Nasyonal nan depatman Sant la arete 9 endividi pou asosiyasyon malfektè

Jedi 18 dawout ki sot pase a, Lapolis Nasyonal nan depatman Sant la arete nèf (9) endividi pou brakaj ak asosiyasyon malfektè.

Nan yon nòt pibliye, jodi samdi 20 dawout 2022, Lapolis Nasyonal nan depatman Sant peyi a anonse yo mete anba kòd, jounen jedi 18 dawout ki sot pase a, nèf (9) prezime bandi. Brakaj ak asosiyasyon malfektè se ansanm akizasyon sa yo yo ta gen sou do yo, daprè PNH la.

 » Endividi sa yo se Yvenson Deshomme, 18 lane, moun Mayisad. Lapolis arete l pou brakaj ak asosiyasyon malfektè ; Lucner Charles, 30 lane, moun Mayisad, lokalite Savann. Lapolis arete l pou brakaj ak asosiyasyon malfektè.

Clodener Charles ki se moun Mayisad. Li jwenn arestasyon l pou brakaj ak asosiyasyon malfektè ; Joseph Djimy, ki gen 24 lane, moun Mayisad. Li jwenn arestasyon l pou vòl.

Evens Lefève, 36 lane, moun Pòtoprens, zón Bèlè. Li arete nan komin Tomasik pou ankèt SDPJ ; Joadson Declé, 27 lane, moun Pòtoprens, zòn Lilavwa. Li arete nan komin Tomasik pou ankèt SDPJ.

Alastil Jean Kenold, 21 lane, moun Mibalè, li soti Lilavwa (Komin Kwadèboukè) epi li arete nan komin Tomasik pou ankèt SDPJ ; Alexandre Joadjimy Choverne, 21 lane, moun Tomasik. Lapolis arete l pou ankèt SDPJ ; Wadson Jean, 19 lane, moun Ench. Endividi sila arete pou vòlè telefòn.  » fè konnen PNH la.

Tout endividi sa yo fèmen nan gadavi, pou kounye a, epi ap tann dosye yo prepare pou y al reponn kesyon lajistis.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous : Paj Facebook PNH la

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *