“Mesye Mathieu L. Joseph pa anplwaye Palè Nasyonal” deklare Sekretarya jeneral Prezidans la.

“Mesye Mathieu L. Joseph pa anplwaye Palè Nasyonal” deklare Sekretarya jeneral Prezidans la.

Nan yon nòt pou laprès nan dat 6 mas 2021 an , Sekretarya Jeneral Prezidans Peyi Dayiti deklare ke Mesye Mathieu Lissner Joseph ki jwenn arestasyon li oou dwòg pa t ap travay nan Palè Nasyonal. Selon sekretè jeneral la Lionel Valbrun, tout enfòmasyon ki fè kwè sa pa gen anyen pou wè ak « laverite ».

Nòt sa a vini aprè Lapolis nan nan peyi Dayiti te arete Mathieu L. Joseph pou enplikasyon li nan trafik dwòg epi voye li bay Tonton Sam pa lentèmedyè Ajan DEA ak FBI ki te vini pran li.

Pi lwen nan nòt la, Sekretarya a di se sèlman yon badj Mathieu te gen nan men li ki te ba li aksè nan Palè a tankou tout moun k’ap founi ak ofri konpetans pwofesyonèl yo bay administrasyon Palè Nasyonal la devan je Lalwa.


Sekretarya jeneral Prezidans la fè konnen tou, sitwayen sa jistis amerikèn t ap chèche a, pa t ni yon pwòch, ni chofè Prezidan Repiblik la, e li mande popilasyon an pou l rete pridan kont tout zak maniplilasyon kap fèt sou opinyon piblik la.

Pou fini, Sekretarya a salye antant ki gen ant otorite peyi Dayiti ak zòt ki gen nan peyi Meriken, e li raple yo lit kont trafik dwòg ak bandi rete youn nan priyorite administrasyon Jovenel Moïse la.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *