Okay : Lapolis mare Francky Casséus pou dwèt li ki ta sanble tranpe nan touye yon sitwayen

Okay : Lapolis mare Francky Casséus pou dwèt li ki ta sanble tranpe nan touye yon sitwayen

Pakè Okay ki gen nan tèt li Mèt Ronald Richemond ansanm ak lapolis mete men nan kolèt, jodi mèkredi 27 jiyè 2022 a, yon sitwayen ki pote non Francky Casséus pou dwèt li ki ta sanble tranpe nan touye Gregory Oscar, nan dat 7 jwen ki sot pase la, selon komisè a.

Komisè Richemond a fè konnen ke li gentan genyen non tout moun ki ta enplike nan dosye sa, li fè konnen genyen lòt moun lapolis ak lajistis ap chèche tankou chen fou, nan menm dosye sila a.

N ap raple w, Gregory Oscar te asasinen nan vil okay aprè li te kite peyi etranje pou te rantre nan peyi dAyiti pi presizeman nan vil okay, pou te vin rekipere yon tè ki ta pou li, ke yon ansanm lòt moun t ap fè zye dou.

Pou kounye a, mouche Francky Casséus twouve l nan gadavi komisarya vil okay la annatandan dosye li ale devan otorite ki gen kalite pou trete ka li a.

Kredi Foto : Facebook

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *