Operasyon Lapolis nan komin Taba : 2 bandi mouri, yon otaj libere

Operasyon Lapolis nan komin Taba : 2 bandi mouri, yon otaj libere

Nan kad yon operasyon Lapolis mennen nan komin Taba, nan lokalite ki pote non Site Doudoun, jounen mèkredi 24 dawout 2022 a, de (2) prezime bandi rive pèdi lavi yo ak yon Dam jwenn liberasyon l apre bandi te kidnape Dèlma 31 nan dat ki te 12 dawout ki sot pase a.

Samuel Joseph ak Guemson Joseph se non de (2) prezime bandi ki mouri nan moman yon t ap tire sous fòs lòd yo, jounen jodi a nan Site Doudoun. Daprè PNH la, se nan kad yon operasyon  » Ti Magali  » t ap mennen nan lokalite sila endividi sa yo pèdi lavi yo.

Toujou nan kad operasyon sa a, ajan PNH yo rive libere yon dam ki gen 29 lane bandi te kidnape Dèlma 31, daprè enfòmasyon sèvis kominikasyon PNH la pataje.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Crédit Photo : PNH

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *