Jodi lendi 19 septanm 2022 a, Lapolis nan komin Senmak, nan depatman Latibonit, mete anba kòd 25 endividi ki ta enplike nan piyaj ki fèt nan Biwo Leta ak lòt antrepriz prive pandan dewoulman manifestasyon yo.
Nan yon nòt pibliye, Lapolis Nasyonal anonse yo arete nan komin Senmak, 25 endividi ki gen enplikasyon prezime yo nan piyaj ki fèt pandan dewoulman manifestasyon yo. Daprè PNH la, ansanm endividi sa yo ta rive piye Biwo Leta nan komin nan, antrepriz prive epi yon plaj ki sou kot la.
Nan menm okazyon an, komisè Prensipal komin nan, Mathias Jean David pwofite prezante bilan entèvansyon Lapolis fè nan jiridiksyon Senmak la san li pa bliye fè yon pwen sou kèk ensidan ki pwodwi kote gen yon moun ki pèdi lavi l, yon polisye blese ak plizyè malfra blese.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com