Youri Latortue reyaji aprè sanksyon peyi Kanada ak Etazini pran kont li

Youri Latortue reyaji aprè sanksyon peyi Kanada ak Etazini pran kont li

Aprè Kanada ak Etazini fin anonse yo bloke kont Bank ansyen prezidan Chanm senatè yo, Youri Latortue epi anpeche l pile teritwa yo, ansyen senatè repiblik la reyaji. Li fè konnen l ap antamen pouswit jidisyè kont yo. Peyi sa yo akize l kòmkwa li enplike nan trafik zam ak dwòg.

Ayè vendredi 4 novanm 2022 a, nan yon entèvansyon sou Radio Télévision Caraïbes (RTVC), ansyen senatè repiblik la, Youri Latortue anonse li pral pouswiv administration amerikèn nan ak gouvènman kanadyen an Lajistis. Peyi sa yo akize ansyen palmantè a ansanm ak aktyèl prezidan Chanm senatè yo, Joseph Lambert, nan divès aktivite kriminèl ki mennen peyi a nan yon dezas imanitè

 » Mwen se premye moun ki te opoze ak entèvansyon fòs militè etranje an Ayiti, paske nan pase nou, entèvansyon sa yo toujou gen konsekans katastwofik pou peyi a  » deklare ansyen prezidan Chanm senatè yo. Li ajoute tou Ameriken yo ak Kanadyen yo gen gwo responsablite nan sa k ap rive nan peyi a.

Dirijan pati AAA a ale pi lwen pou l fè konnen li se premye moun ki te rankontre delegasyon Kanadyèn nan ki te vizite Ayiti semèn ki sot pase a la pou evalye sitiyasyon peyi a.

 » Mwen pa t kache yo pozisyon m « 

Daprè li menm, tout sanksyon sa yo ki pran kont li yo se mannèv politik. Li viktim akoz pozisyon li kont nenpòt fòm entèvansyon militè etranje sou teritwa nasyonal la.

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *