Kilti|-. Roody Roodboy mete vwa li ak Deep Act pou mande sekirite pou pèp la avan plezi.

Kilti|-. Roody Roodboy mete vwa li ak Deep Act pou mande sekirite pou pèp la avan plezi.

RoodyRoodboy ak Deep Act mete deyò yon nouvo mizik ki gen pou tit »Kanpe goumenl ye » 19 mas pase a. Roody Roodboy avèk Deep Act leve vwa yo nanw nouvo tit sa a ki dire 3 minit 42 sekond kont latriye kriz kap wouye peyi a pami yo ensekirite a ak kidnapin lan k ap brase bil nanchon an depi kèk tan.

Nan nouvo mizik sa chantè yo mande lajenès leve kanpe, foule beton an pou di non a sitiyasyon malouk kap Pete fyèl peyi a. Yo bouke ak kidnapin, pil zam ilegal, nèg yo konn kiyès ki bay yo pouki yo pa arete yo. Yo mande pou lajenès pote kòd pou mare kriminèl yo. Vilaj de Dye ki se yon zòn « men kwa manmanw men kwa papaw siw kapab vin pilel » men se la abitan yo ap tann Premye Minis la vin danse Septan.

Ala peyi gen sinema… Chantè yo pa met baboukèt nan bouch yo pou di non, yo bouke ak insekirite, pèp la tromatize pa yon bann iletre kap fèn kriye, nèg yo san pitye yo pa epanye menm ti bebe, yo vide bal sou fanm ansent, yo voye n al mouri, yo imilye kadav nou, yo fè n mache nan rigòl san, fen goumen ant nou pou fè divèsyon. Nap viv nan yon peyi kote se koripsyon ki fiyansel, yo volè kòb nou, kilè Leta ap di yon mo pou dyòl zam bandi ka pe.

Nap raple RoodyRoodboy se yon gwo viktim sistèm sa, li te pèdi ni manmanl ni papal akoz move jesyon, enkonpetans dirijan yo. Kilès lòt atis kap leve vwa yo tou?

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *