Pou anpil gason, byen bande se pa yon bagay ki fasil. Gen anpil bagay ki kapab lakoz pwoblèm sa a. Men eske ou konnen gen bagay ou ka pran pou jere pwoblèm sa a? Anpil gason konn pran pilil men sekrè natirèl la rete nan byen manje, nan manje manje ki ekilibre paske lakay gason an pou li byen bande li bezwen pwodiksyon testostewón ki se yon òmón.
Men kisa pou gason manje konsa? Nou pral wè ansanm.

1- Zwit
Zwit genyen anpil « Zen » ki bon pou pwodiksyon testostewón lakay gason an. Pou byen bande pa neglije manje li. Krab ak Woma bon tou.
2-Diven wouj
Lè gason fini bwè diven wouj, li konn anvi pase nan aksyon. An reyalite, diven wouj pèmèt ke veso sangen yo elaji. Men nou pa dwe bwè li anpil.
3- Klou jiwòf
Nan peyi d’Ayiti tankou lòt kote nan mond lan, yo itilize jiwòf nan kizin. Li fè san ale nan pati gason e li ogmante chalè kò li.

4- Piman
Piman se yon lòt aliman ki pou fè gason byen bande. Aliman sa a pèmèt san pouse plis nan veso sangen yo. Depi yon moun manje piman, nou wè kòman li fè li cho. Ebyen ou ta di se menm efè a li genyen.
5- Chokola nwa
Ou renmen chokola nwa pa vre? Se yon bon aliman ki pèmèt yon gason byen bande. Li mete gason an sou sa e ogmante dezi li.
6- Kafe
Anpil moun nan plizyè peyi konn bwè kafe. Men eske nou okouran li gen kafeyin ladan l’ ki se yon sibstans ki pwokire gason an enèji. Men nou pa dwe bwè li anpil.
7- Seleri
Seleri se yon epis ke anpil moun itilize. Li patisipe a pwodiksyon testostewón kay gason an. Li kapab goumen tou kont tansyon wo.

8- Grenad
Grenad genyen anpil « Fè » ki patisipe nan pwodiksyon globil wouj nan san an. Lè yon gason bwè yon vè ji grenad pa jou, sa ede gen pwodiksyon testostewón lakay li e mete li sou sa plis.
9- Somon
Somon genyen Omega-3 ki bon pou kè ak sikilasyon san. Sa pèmèt gason an byen bande.
10- Chou
Chou vèt (Choux vert) bon pou gason e l bon pou gason byen bande.
Tout aliman sa yo nou prezante la a yo, nou ka jwenn yo fasil. E yo ase senp pou nou anpeche yo nan sa nou ap manje chak jou. Pwofite pou nou byen manje yo pou nou rete an sante. Fè espò pou rete anfòm epi pou bay rezilta nan lavi seksyèl nou.