Vandredi 5 dawout ki sot pase a, Lapolis Nasyonal mete anba kòd, pou enplikasyon l nan plizyè zak kriminèl, Patrick Dieudonne, yon manm aktif gang » Ti Greg » nan Dèlma 95.
Nan yon nòt pibliye jodi lendi 8 dawout 2022 a, Lapolis Nasyonal anonse li arete Patrick Dieudonne, yon manm aktif gang » Ti Greg » ki twouve l nan Dèlma 95. Endividi sila ki jwenn arestasyon l vandredi ki sot pase a la gen soupson sou do li kòm kwa li ta enplike nan plizyè zak kriminèl, vòl ak zak sasinay sou pipiti 5 moun nan komin Petyonvil sòti 2009 pou rive jounen jodi a.
Nan moman fòs lòd yo t ap arete l, yo jwenn sou li yo fo kat idantifikasyon Lapolis Nasyonal. Pou kounye a, li nan komisarya Petyonvil la ap tann lajistis panche sou ka li.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous : Paj Facebook PNH la