
Nan kad yon operasyon Lapolis Nasyonal mennen Lafito, 3 manm gang Kanaan rive pèdi lavi yo. Endividi sila yo te mete tèt yo ansanm ak kèk manm gang « 5 Secondes » pou te rive enstale yo nan lokalite a, ayè lendi 10 oktòb 2022 a.
Nan Lafito, zòn minotri Ayiti, 3 manm gang Kanaan tonbe anba bal Lapolis nan. Gwoup endividi ame sa yo ki te mete tèt yo ansanm ak manm gang « 5 Secondes » la t ap eseye enstale yo nan zòn nan.
Fòs lòd yo ki te resevwa enfòmasyon an te rive prese prese nan lokalite a pou kontrekare aksyon malfra yo.
AlixISRAËL
alixisrael53@gmail.com