Lapolis Nasyonal ap pouswiv travay retire barikad nan lari a

Lapolis Nasyonal ap pouswiv travay retire barikad nan lari a

Pandan semèn ki sot pase a la, mouvman pwotestasyon nan kat (4) kwen peyi a te lakoz anpil zòn te bloke, sikilasyon an te paralize. Swit ak yon ansanm mezi otorite nan Lapolis Nasyonal la te pran pou leve barikad nan divès rakwen nan zòn metwopolitèn nan, fòs lòd yo ap pouswiv travay sa a.

Yon lòt fwa ankò, Lapolis leve plizyè barikad nan zòn Lilavwa, Lizon, Latan ak lòt ankò, ayè ki te vandredi 23 septanm nan. Zòn sa yo ki twouve yo nan komin Kwadèboukè te retounen bloke aprè fòs lòd yo te debare yo dimanch 18 septanm pase a.

Daprè PNH la, inisyativ pou debloke zòn yo pran nan lide pou pèmèt aktivite reprann nòmalman. Se estrateji Ajan Brigad Entèvansyon Bon Repo yo deplwaye pou pèmèt divès katye nan zòn metwopolitèn nan debloke.

AlixISRL
alixisrael53@gmail.com
Sous : Paj Facebook PNH la

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *