Depi 15 mas pase a,anplwaye lopital Jistinyen nan kap ayisyen tanmen yon grèv san limit pou reklame bon kondisyon travay.
Lopital Jistinyen ki se yon referans nan zafè laswenyay nan nò peyi a sou beki . Lopital ki la pou bay swen an jeneral malerezan ap mande swen. Infimyè, Doktè elatriye mete lopital la nan grèv paske yo pa gen kouran,pa gen dlo,chalè met men sou kou yo,se dlo kò yo kap benyen kò yo. Pa gen aparèy esterilazatè,elatriye… Lè lapli tonbe ni malad ni doktè tout anba dlo wa ta di lopital la se yon resevwa. Yon pak kochon ak lopital la pa gen diferans e sa ki pi grav la 95% pasyan ki opere prezante gwo konplikasyon aprè operasyon,se yon dezas total kapital. Lopital la dwe repare,anplwaye yo di yo bouke travay nan kondisyon deplorab sila.
Nan tèt ministè sante piblik ayisyen an genyen minis Greta Roy Clement ki ap fe bè li depi 4 ane e daprè anplwaye lopital la se pa ayè ni jodi yap plenyen pou move kondisyon lopital la. Grèv la daprè yo san limit, laswenyay pa bay nan kondisyon sa yo. Eske ministè sante a li menm tou malad?