« Malediksyon pou sila ki gen pou pran responsabilite l ki pa pran l » deklare Club Hiram Haiti

« Malediksyon pou sila ki gen pou pran responsabilite l ki pa pran l » deklare Club Hiram Haiti

Club Hiram Haiti, yon òganizasyon ki regwoupe plis pase san (100) frè ak sè nan depatman Nò, Nòdès ak Latibonit ki soti nan plizyè lòj ak obedyans diferan entèvni sou kriz tout kalte peyi a ap konnen depi kèk lane.

Nan yon nòt « Club Hiram Haiti » mete deyò, oganizasyon an rekonèt echèk gouvènman defakto doktè Ariel Henry ap dirije a lè yo konsidere tout kalte pwoblèm tankou ensekirite kap fè ravaj nan tout rak kwen nan peyi a ; enjerans ki genyen nan pi wo nivo leta ak yon premye minis defakto ki pa gen okenn manda lejitim ; desizyon degrenn gòch, antipèp  premye minis defakto Ariel Henry ap pran tankou : ogmantasyon pri a gaz la a 128 %, elt.

Òganizasyon an pwofite avèti otorite yo « Malediksyon k ap tonbe sou yo menm ki gen pou pran responsabilite l ki pa pran l »

Yon lòt bò, Club Hiram Haiti reklame yon chanbadman nan sistèm peze souse k ap peze kou pèp ayisyen an ; retrè sou desizyon Leta pran pou koupe sibvansyon sou pri gaz la ak 1,50 dola sou transfè ; retrè « prese prese » sou demand entèvansyon fòs militè etranje sou teritwa nasyonal la ; depa san kondisyon premye minis defakto Ariel Henry ak tout ekip ki sou pouvwa.

Òganizasyon an mande yon konsèy Gouvènman ki reprezante tout kouch nan sosyete a pou òganize eleksyon kredib, onèt e demokratik ; retou a lòd konstitisyonèl, yon mannyè pou 3 pouvwa yo kanpe djanm ; retabli sekirite nan tout peyi a, pou pèmèt tout moun kapab reprann aktivite yo ; epi pou tout lekòl ouvri nan yon dat ki  pa twò lwen.

N ap raple fran masonri se yon òd ki chita sou twa pilye ki se : filantropik ,filozofik ak ezoterik. Se sou aspè filantropik la Club Hiram Haiti baze apwòch li a pou li di non ak sa k ap pase nan sosyete a.





AlixISRL
alixisrael53@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *