OPL fè konnen li pa dakò okenn fòm entèvansyon etranje nan peyi a

OPL fè konnen li pa dakò okenn fòm entèvansyon etranje nan peyi a

Nan yon nòt li mete deyò, ayè vendredi 7 oktòb 2022 a, Oganizasyon Pèp k ap Lite (OPL) deklare li pa dakò okenn fòm entèvansyon etranje nan peyi a. Deklarasyon sila fèt aprè demann konsèy minis gouvènman defakto doktè Ariel Henry fè pou mande entèvansyon yon fòs militè an Ayiti.

Aprè desizyon gouvènman Ariel Henry te pran ansanm ak minis li yo te pran nan kad konsèy minis, Jedi ki te 7 oktòb la. Desizyon pou ta otorize yon entèvansyon etranje nan peyi a. Anpil sektè nan sosyete sivil la ak estrikiti politik nan opozisyon an parmi yo OPL denonse desizyon sila.

OPL fè konnen li pa dakò okenn militè etranje foule teritwa a ni tou denonse 25 lane divès misyon etranje ki te pase nan peyi a. Daprè estrikti politik sila, misyon sa yo ki te mete pye sou diyite pèp Ayisyen an, pa pote ankenn rezilta kit sou plan sekirite, sou plan imitè, alevwa sou plan devlopman.

Menm òganizasyon politik sa a pwofite nan menm nòt li a pou li anonse regrè li genyen akòz politik gouvènman PM Ariel Henry ap dirije a. Yon gouuvènman, daprè li menm, ki jwenn pretèks epidemi kolera a ak pwoblèm rate gaz la, pou mande fòs militè etranje vin  » pote l sekou « .

Yon lòt bò, OPL fè konnen tou li regrèt aktè politik yo ansanm avèk aktè nan sosyete sivil la pat mete tèt yo ansanm pou defini yon lòt mòd gouvènay ki kapab mete peyi a sou wout devlopman tout bon.

Pou fini estrikiti politik la envite tout fòs viv nan peyi a pou yo mete men pou chanje dòn la. Sa k ap evite peyi a sibi, yon lòt fwa ankò, imilyasyon bòt militè etranje sou teritwa l. Daprè li menm, se ranfòsman dirèk an materyèl ak ankadreman pou PNH la peyi a bezwen.



AlixISRL
alixisrael53@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *