“Pito n lèd nou la” yon pawòl anpil ayisyen renmen di ki gen mak li sou sosyete a

“Pito n lèd nou la” yon pawòl anpil ayisyen renmen di ki gen mak li sou sosyete a

Aprè chak desepsyon yon moun kapab sibi nan lavi li, pi bon atitid li kapab genyen se bay tèt li kouraj. Yon atitid moun nan kapab adopte san li pa menm rann kont. Souvan moun nan ap toujou di tèt li: «pito m lèd mwen la». Yon panse konsa, kisa li vle di ? Kòman li kapab gen enfliyans sou konpòteman yon moun ? Kijan li kapab gen enpak sou yon sosyete an jeneral?

“Pito nou lèd nou la” se yon pawòl nou toujou di tèt nou oubyen moun ki bò kote nou. Se souvan lè nou sibi yon desepsyon nou di li yon fason pou nou kapab di tèt nou tout sa ki kapab rive nou nan lavi a pa enpòtan. Sa ki pi enpòtan se ti souf lavi a. Nenpòt jan ou ye sa ki enpòtan se lavi. Yon panse ki bay lavi a tout enpòtans li. Konsa tout sa ki gen rapò ak kapital ekonomik, kapital sosyal, kapital kiltirèl ak senbolik jan Bourdieu (1930-2002) sosyològ fransè a defini yo andedan konsèp espas sosyal li a, pap gen twòp enpòtans pou yon moun ki panse pito li lèd li la.

Moun ki adere a kouran «Materyalis» la, yo pa pataje yon ide konsa paske pou yo se kondisyon sosyal ak ekonomik ki defini lòm. Lavi depann de sa latè bay pou manje, Lòm la pou pwodui richès, pou repwodui nan sosyete a, elt. Men tout moun pa panse konsa. Chak moun wè lavi a yon jan. Chak moun fè pwòp ide li de lavi a. Yon ansanm ide ki konn souvan fè moun nan kwè pwoblèm sosyal ak ekonomik yo egziste se vre men li kapab viv san li pa sousye l de yo. Yon panse ki bay yon atitid ki kapab enfliyanse konpòteman moun nan ki panse konsa a.

Nan sikoloji sosyal, gen etid ki fèt ki montre kòman panse yo, emosyon yo ak konpòteman moun yo enfliyanse prezans reyèl, imajinè ak enplisit lòt moun. Daprè Rita L. Atkinson ak Richard C. Atkinson, sosyoloji sosyal la etidye fason moun panse, fason moun santi ak aji nan yon anviwonman sosyal. Anviwonman sosyal sa tou gen enfliyans li sou panse, santiman ak konpòteman moun k’ap viv ladan l.

Definisyon sa montre fason yon moun panse kapab enfliyanse konpòteman li. Li montre tou jan yon moun aji kapab gen gwo enfliyans sou konpòteman moun ki ap viv bò kote l. Kidonk yon moun ki panse «pito li lèd li la» kapab gen yon atitid ak yon konpòteman ki pa depaman de panse sa. Yon fwa li panse konsa, l’ap tou aji konsa. L’ap bay vi a enpòtans anpil menm si kondisyon sosyal ak ekonomik li pa reyini. De tout fason se pa sa ki pi enpòtan yon fwa l’ap viv e kapab kontinye viv konsa.

Yon Moun ki panse «pito li lèd li la» pap angaje li nan okenn revandikasyon k’ap fèt pou amelyore kondisyon jan l’ap viv paske depi l’ap viv li pa gen pwoblèm.

“Pito nou lèd nou la”, yon panse optimis oubyen yon fatalis

Optimis la se yon tandans ki fè wè tout sa ki fèt se pou yon byen. Filozòf alman ki pote non Leibniz (1646-1716) la te defann li kote l fè konnen :«Tout est pour le mieux dans le meilleur des mondes possibles». Yon moun ki optimis se yon moun ki kwè tout sa ki rive se pou yon byen. Menm lè sa ki rive a se mal ki touche li dirèkteman, li rete kwè se konsa sa dwe pase.

Fatalis, la li menm se yon doktrin ki fè konnen tout sa ki rive te gentan ekri davans. Sa ki vle di anyen pa kapab anpeche li rive. Yon moun ki fatalis kwè tout sa ki te, k’ap e ki pral rive nan lavi li te gentan planifye déjà, pa gen anyen li kapab fè pou li chanje sa.

Moun ki panse «pito yo lèd yo la» yo, nan yon sans yo optimis paske malgre y ap viv pandan kondisyon sosyal ak ekonomik yo pa reyini yo rete kwè kanmenm yon jou sa va chanje paske depi gen lavi gen espwa. Moun ki panse konsa yo fatalis tou paske yo kwè yo pa gen anyen yo kapab fè pou amelyore kondisyon sosyal ak ekonomik yo, pou chanje lavi yo.

“Pito n lèd nou la”, yon panse ki bay yon atitid iresponsab

Chak moun k’ap viv nan yon sosyete gen dwa ak devwa. Dwa yo se tout sa konstitisyon peyi kote l’ap viv la dwe ba li tankou: dwa pou ale lekòl, dwa pou jwenn lasante, dwa a lojman, dwa pou travay, dwa sivil ak dwa politik yo an jeneral.

A kote dwa sa yo, moun yo (sitwayen yo) gen devwa tou anvè sosyete kote y’ap viv la. Tankou chak sitwayen gen devwa pou li respekte lalwa, peye taks, elt.

Nan yon sitiyasyon kote dwa yon moun pa respekte nan sosyete kote l’ap viv la, moun sa dwe revantike pou sa. Fè kòmsi sa pa konsène li oubyen sa pa twò enpòtan paske l’ap viv toujou, se yon konpòteman iresponsab. Kidonk yon moun ki rekonèt li lèd paske l’ap mal viv e li aksepte rete nan sitiyasyon sa se yon moun ki pa pran responsablite l. Se yon moun ki pa deside pran lavi li an men.

“Pito n lèd nou la” yon panse ki bay yon konpòteman ki kite mak li nan sosyete a

Yon moun pa kapab viv andeyò lasosyete. Daprè Carrel Alexis (1873-1944), chirijyen, biyolojis ak ejenis fransè, lòm se produi lasosyete. Nan antwopoloji kiltirèl, syantifik yo rekonèt moun se produi kilti kote li fèt la. Sa ki vle di tout jan li panse, atitid li ak konpòteman l se rezilta tout sa li aprann nan sosyete a depi lè li fèt.

Nan sans sa, konpòteman chak moun nan yon sosyete enfliyanse konpòteman tout moun ki ap viv ladan l paske moun aprann an fonksyon de sa yo wè, de sa yo jwenn. Moun aprann an fonksyon de sa enstitisyon sosyal yo ba yo.

Donk, panse ke lavi posib san bezwen yo pa satisfè kapab enpakte sosyete a an jeneral paske si chak moun panse konsa, devlope yon atitid konsa anndan sosyete a, nan ka sa, li pap kapab fè pwogrè sosyal ak ekonomik.

Pwoblèm ekonomik ak sosyal yo pap janm kapab rezoud paske gen anpil moun ki kwè li pa pi enpòtan pou rezoud yo. Moun pa kapab rezoud yo paske tout moun vin jwenn yo la.

An Ayiti, anpil moun panse jan yo ap viv la yo pa kapab fè anyen pou chanje sa. Gen anpil moun ki satisfè tèt yo de lavi a menm si kondisyon sosyal ak ekonomik yo pa reponn. Konsa, sitwayen yo nan peyi a pa angaje yo pou yo rezoud pwoblèm yo vrèman. Yo kwè peyi a ap toujou egziste menm lè pwoblèm yo pa rezoud. Sa ki pa reflete lòt panse ke «Pito nou lèd nou la».

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *