PNH : yon chèf gang tonbe nan komin Kwadèboukè

PNH : yon chèf gang tonbe nan komin Kwadèboukè

Nan kad yon operasyon yon patwouy UDMO t ap mennen nan komin kwadèboukè, chef gang ki pote non Galaxy ki t ap opere La Trembley, tonbe anba bal ajan yo, ayè dimanch 2 oktòb 2022 a.

Espesyalize nan zak anlèvman ak detounman kamyon machandiz, chèf gang La Trembley a, nan komin Kwadèboukè, Galaxi pèdi lavi l, ayè dimanch la. Li te nan afwontman ak yon patwouy UDMO ki t ap mennen yon operasyon anndan komin nan.

Chèf gang la ki te gen an posesyon l yon pistolè 9 mm, te avèk Nader, yon alye l, ki t ap kondwi moto li te sou li a. Endividi sila pèdi lavi l tou nan kad operasyon fòs lòd yo.




AlixISRL
alixisrael53@gmail.com
Sous : Paj Facebook PNH la

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *