
Nan vil Pòdpè, aprè desizyon otorite yo pran, ayè dimanch 4 septanm nan, pou remòke bato Mis Lili ak Èlchaday pou rantre Pòtoprens avèk yo, popilasyon an leve kanpe jodi lendi 6 septanm nan pou montre yo pa dakò ak desizyon sila.
Jodi lendi 5 septanm 2022 a, byen bonè nan maten, popilasyon nan vil Pòdpè leve kanpe pou montre yo pa dakò ak desizyon otorite yo pran pou vin remòke bato Mis Lili ak Èlchaday pou rantre Pòtoprens ak yo. Depi yèswa ak pandan tout jounen an, anpil barikad te drese nan vil la epi kawoutchou t ap boule nan divès rakwen.
N ap raple de (2) bato sa yo, Mis Lili ak Èlchaday enplike nan trafik zam ilegal. Yon dosye ki ta pral lakoz ansyen komisè gouvènman Pòdpè a, Mèt Michelet Virgile ta pral jwenn arestasyon l aprè li te pèdi pòs li san konte plizyè lòt aktè ankò Lapolis mete anba kòd.
Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com