
Direksyon pèsonèl nan Lapolis Nasyonal la anonse tout polisye ki sòti nan 31èm pwomosyon an yo ap kòmanse touche apati jounen madi 6 septanm nan.
Nan yon nòt PNH la mete deyò, Direksyon pèsonèl la fè konnen tout polisye ki sòti nan 31èm pwomosyon Lapolis Nasyonal la ap kòmanse resevwa salè yo, apati jounen madi 6 septanm 2022 a.
Ansanm polisye sa yo ki pa touche depi 9 mwa, kapab pase rekipere chèk yo nan Direksyon Jeneral enstitisyon an, daprè nòt la ki pote siyati komisè Jean Maurest ETIENNE.
Nan semèn ki sot pase a, SYNAPOHA ki se sendika polisye Ayisyen yo te menase pou yo te debake devan Ministè finans pou te kapab fòse responsab yo peye mesye dam 31èm pwomosyon an ki gen 9 mwa yo pa resevwa salè yo.
Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com