Polisye ou pa Jezi ni ou pa chen

Pwoteje ak Sèvi, de mo ki vle di anpil pou yon polis ki te kreye pou ranplase yon lame sanginè ak kraze zo. Yon polis ki figil plise, ki fane tankou banann mi glise, chevel blanch, dol kase pandanl poko menm gen trantan. Yon polis ki la pou pwoteje ak sèvi nan yon peyi kot dwa moun poko janm ka respekte.

Si klas mwayèn nan fin disparèt akoz yon leta enkapab ak twòp zak kidnapin kap boule lajan, lapolis la la poul konstate tankou tout vye sivil ki pa menm gen yon fwèt nan menl poul ta pouse chen ki anvi mòdel. Sa gen plis pase yon lane Matisan disparèt; apre tout sak te kapab fin kouri kitel lakoz bandi kap fè lalwa, menm Lwijan boje sayo kanpe an kwa pou pesonn pa pase la. Polisye toujou la , gwo chèf yo toujou egziste men okenn lalwa paka fèt, yo menm di chèf isi met bandi sou pewòl.

Chèf Polis vini, chèf Polis ale, anyen pa janm fèt pou nou. Nou sonje tout jan Léon Charles kraze fòs sa a nan maltrete polisye ? Malgre tout sa genyen Polisye ki rete pwofesyonèl e ki fè travay yo nan limit lalwa, ki pa nan sitire bandi malgre gwo chèf a babìn yo ap founi yo zam ak minisyon. Yon gwo kout chapo pou sa ki deside travay pou Pèp la. E ou menm Polisye k ap masakre k ap mete dife sou inosan?

Kagoule, ame jouk nan dan yo egziste sèlman lè manifestasyon pou tire gaz ak bal sou yon popilasyon ki gen branch bwa ak detwa wòch nan menl sèlman kòm zam. Yo tire, yo domaje, yo kwape manifestan jan yo vle pou rann plezi bay chèf isi kap vòlò peyi ki pwomèt yon 5 mil goud anplis sou yon chèk ki pa menm vini chak twa mwa.

Polisye kisaw vo ankò apre sa ? Yon klas mwayèn apovri, yo kidnape menm machann pistach. Nan kwadèboukè 400 mawozo fè sal vle, nan Tòsèl se Vitelom ki kòmande, menm Petyonvil vin pyeje. Polisye kijanw santiw lèw gad madanm ou nan je pouw dil wal travay epi nan lari a wap kouri pou ensekirite?

Kou 5 moun reyini pou manifese, n ap bay gaz n ap bay bal. Koz moun yo ap defann nan pa pou nou? Konfrè nou yo te touye Vilaj de Dye yo te jwenn yon antèman? Kote kò yo? e menmsi sa apre lanmò nou ki ankadreman pitit nou jwenn ? Poukisa gwo chèf yo konn swete kouche madanm nou pou bal ti salibab la apre lanmò nou? Kay nou peye byen kounya oubyen zanmi toujou kontinye bann ladesant poul manje madanm nou?

Polisye, fristrasyon yo anpil pou tout moun pèp la vle esprimel sak ka edew chanje laviw , sispann aji an dan pouri paske yon bon jou w ka tonbe sou yon banann ki mal men pandan tan sa a tou pa sitire vòlò ak vakabon ki vle simen dèy. Polisye ou pa Bondye ni chen, yo sèlman bezwen sèvis ou men yo pa bezwen w.

1058 HNP from the 24th promotion graduated.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *