
Nan yon kominike Biwo Kominikasyon Martine Moïse mete deyò, li fè konnen, nan okazyon premye anivèsè asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse, fanmi an pa p patisipe nan okenn aktivite ki pote mak fabrik Premye Minis Ariel Henri.
7 jiyè 2021-7 jiyè 2022, sa fè yon lane depi yon gwoup endividi ak zam te penetre kay prezidan ki te an fonksyon an, Jovenel Moïse, jouk rive asasinen l. Aprè zak sila fin komèt, lajistis peyi Dayiti kou aletranje mete tèt yo ansanm pou kwape moun ki akize ni de prè ni de lwen nan krim sila. Se konsa plizyè pèsonalite gentan anba kòd, anpil polisye gentan revoke.
Biwo kominikasyon ansyen Premyè Dam nan, Martine Moïse, nan yon kominike li met deyò, raple tout moun premye lane asasina ansyen prezidan an, 7 jiyè k ap vini la. Li lonje dwèt li sou gouvènman Ariel Henri a ki daprè li menm enplike nan krim sila epi l fè konnen, Premyè Dam ak pitit li yo pote plent nan Kabinè Enstriksyon kont aktyèl Chèf gouvènman an, 6 oktòb lane pase.
Se pou rezon sa tou, Biwo kominikasyon ansyen Premyè Dam nan anonse, nan okazyon premye lane asasina ansyen Chèf Deta peyi a, Jovenel Moïse, fanmi an pa p patisipe nan okenn aktivite komemoratif Leta Ayisyen sa Ariel Henri ap dirije a pral òganize.
Pi lwen, li envite tout Ayisyen ki ap viv an Ayiti oubyen aletranje, tout moun ki afekte nan disparisyon ansyen prezidan an, daprè kwayans yo, ak relijyon yo, pou yo mete men nan batay la, pou pèmèt lajistis blayi sou dosye sila.
Pou fini, Fanmi Moïse eksprime larekonesans li ak pèp Ayisyen an ki te rete atache ak ideyal ansyen prezidan an.
Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com