
Delva Ojes, alyas « Depòte » se non manm aktif òganizasyon kriminèl « Senk Segond » la nan Vilaj de Dye ki jwenn arestasyon li, ayè vandredi 2 septanm 2022 a.
Nan yon nòt PNH la mete deyò, fòs lòd yo nan komisarya Pòtoprens rive mete anba kòd, ayè vandredi 2 septanm nan, Delva Ojes. Endividi sila tout moun konnen sou non « Depòte » se yon manm enfliyan gang « Senk Segond » ki sou kontwòl Izo k ap opere nan Vilaj de Dye.
Pou kounye a, Delva Ojes plase nan gadavi pou swit jidisyè ka li nesesite.
Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous : PNH