Ayè jedi 21 jiyè a, DGI nan komin Wanament, nan Nodès peyi a, mande tout propriyetè kay oubyen teren ki twouve yo nan perimèt CODEVI a pou yo vin deklare yo. Yo gen 15 jou pou fè sa.
Nan yon nòt pibliye, nan dat 21 jiyè 2022 a, DGI nan komin Wanament enfòme popriyetè kay ak tè ki sitiye nan perimèt » Compagnie de Développement Industriel » (CODEVI), pou yo vin deklare yo. Pandan yon peryòd ki pa plis pase 15 jou, yo dwe pase depoze de (2) kopi tit propriyete a oubyen lòt papye yo dispoze pou jistifye yo se popriyetè.
Pou yo kapab fè sa a, yo sipoze pase nan Sant Enpo Wanament toujou anndan DGI a. Nan menm nòt la, DGI mande pou moun yo kanpe ak travay ki gen pou wè ak fouy, plante, ak konstwi sou tè sa yo. Li entèdi tou vant oubyen lweyay teren oubyen kay nan zòn nan jiskake otorite ki la pou sa pran yon desizyon.
DGI antann pran mezi ki nesesè nan ka moun ki pa respekte mezi sa yo.
Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
