WhatsApp : Anrejistre vwa sou estati pral posib

© 123 RF

Nan yon tan ki pa twò long, WhatsApp ap ofri itilizatè li yo lòt fonksyonalite ki enteresan. Moun ki ap itilize aplikasyon an ap kapab anrejistre vwa yo pou mete sou estati (statut en français) yo.

Anplis videyo, foto, Gif, mesaj ekri, WhatsApp ap ofri kliyan li yo lòt bagay ki ap fasilite yo nan aktivite yo. Nan kèk jou ankò, itilizatè yo ap kapab mete zanmi uo okouran de sa yap fè pandan y ap kapab a anrejistre vwa yo pou mete sou estati yo dapre sa WaBetaInfo fè konnen.

« Gras ak mizajou WhatsApp bêta pou Android 2.22.16.3, nou kapab anonse WhatsApp ap elaji mizajou estati, l ap ajoute fonksyonalite pou anrejistre vwa » dapre sa ki ekri e nou kapab li sou sit entènèt yo.

Yo fè konnen tou ke se sèl moun ou vle tande mesaj la k ap tande l, menm jan ou chwazi moun pou wè estati videyo ak foto nan paranèt konfidansyalite a. 

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *