141 pami yo 22 timoun, fanm ansent ak ti granmoun, se kantite migran Ayisyen ki te gen sou yon bato ki chavire nan lanmè peyi Kiba pandan yo t ap eseye rantre nan peyi Etazini. Pa gen Okenn moun ki mouri. Pou kounye a, yo ap resevwa swen ka yo nesesite.

Daprè plizyè sous nou kapab fè konfyans, gen yon bato ki te gen ladan l 141 migran Ayisyen ki chavire nan lanmè Kiba, jounen jodi a ki se samdi 30 jiyè 2022. Daprè Lakwawouj nan Cienfuegos, moun sa yo t ap tante rantre nan peyi Etazini se kondisyon tan an ki pa bon ki voye yo nan zòn sa nan lanmè a.
Menm Lakwawouj nan Cienfuegos sa rapòte pami migran Ayisyen sa yo gen 22 timoun, fanm ansent ak ti granmoun.
Akoz kondisyon lavi ak ensekirite ki difisil nan peyi Dayiti, anpil moun ap fè sa yo konnen, jan yo kapab pou yo kite peyi a. Anpil fwa, se chèche lavi detwi lavi.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com