Petyonvil : Chofè taksi moto yo tanmen yon gwo mouvman pwotestasyon

Lendi maten 29 dawout la, sikilasyon difisil nan nivo komin Petyonvil akoz kawoutchou k ap boule nan lari a. Enfòmasyon yo ta fè kwè se yon gwoup chofè taksi moto ak moun nan zòn nan ki lanse yon mouvman kote yo ap egzije majistra komin nan fè wout bò simityè a.

Daprè pwotestatè yo ki mete barikad toupatou nan lari a, se wout bò simityè a ki pa fèt ki lakoz anpil labou lè lapli tonbe. Yon sitiyasyon ki toujou paralize sikilasyon anndan komin nan.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous : Exode News

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *