Lasante | 5 rezon ki fè ou dwe itilize lwil kokoye

Lasante | 5 rezon ki fè ou dwe itilize lwil kokoye

Kokoye se yon pwodwi anpil moun konsome swa nan sòs pwa, nan manje kole, nan labouyi, elt. Pakont, lwil kokoye a se pa yon bagay anpil moun k ap viv an Ayiti itilize chak jou. Sa ou dwe konnen, li enpòtan anpil pou konsome. Gen plizyè fason ou kapab itilize l.

Men sa ou dwe konnen, poukisa ou bezwen itilize l ?

  1. Li blanchi dan

Nan mond la, moun yo ap itilize pi plis lwil kokoye pou netwaye dan yo. Rezon an senp. Se paske pouvwa li genyen pou li fè sa a reyèl epi li rete natirèl. Pou sa, ou kapab pran yon kiyè lwil kokoye, ou gagare l pandan 3 a 5 minit. Aprè, ou krache l epi ou rense bouch ou ak dlo cho anvan ou lave dan ou jan ou konn gen labitid fè l.

  1. Li lite kont bakteri nan kò a

Lwil kokoye a se yon antibakteri tou paske lè yon moun konsome l anpil li pwoteje kont tout enfeksyon moun sa ka trape. Se asid lorik ki nan li a ki pèmèt sa.

  1. Li bon anpil pou po ak cheve

Lwil kokoye se yon idratan ideyal pou po. Li gen anpil vitamin A ak E. Tou lè de bon pou po ak cheve. Sa ki vle di li kapab pwoteje cheve tou. Moun kapab itilize l tou kòm krèm solèy.

  1. Li redwi kolestewòl

Yon moun ki gen kolestewòl kapab bwè lwil kokoye. Li kapab ede moun nan pèdi pwa tou. Se trigliserid ki ladan l la ki pèmèt sa.

  1. Li apeze egzema

Lwil kokoye se yon remèd natirèl pou yon moun ki gen egzema. Li se yon solisyon ak tout demanjezon yon moun kapab genyen

Pou rezon sa yo ak lòt ankò, ou dwe itilize lwil kokoye.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *