Lasante | Poukisa ou dwe konsome Kawòt

Lasante | Poukisa ou dwe konsome Kawòt

Zye ou ki se ògann ki garanti ou wè bezwen kèk eleman tankou « bètakawotèn », « zeyagzantin » ak « liteyin » pou li ret an sante. Eleman sa yo nou kapab jwenn yo nan kawòt. Pou rezon sa ak lòt ankò, ou dwe bwè plis ji kawòt.

Kawòt se yon legim ki gen anpil vitamin tankou vitamin A , K , B9. Ou kapab konsome l konsa oubyen nan legim. Ou kapab fè ji avèk li tou. Ou dwe Konsome ji Kawòt. Ou dwe manje mete l nan legim ou ap prepare paske li vrèman enpòtan pou sante’w.

Men kèk rezon ki fè ou dwe konsome kawòt

Li amelyore sistèm iminitè

Kawòt la pèmèt sistèm iminitè ou pwoteje. Sa ki vle di ou gen lasante. Pou sa rive fèt, li gen ladan l yo eleman ki rele  » kawotenoyid « .

Li konbat anemi

Paske li gen anpil fè, kawòt kapab ede ou goumen kont anemi.

Lòt rezon ankò

Li pwoteje po ou. Ji kawòt pwoteje ou kont maladi kè. Li kapab ede ou konbat kansè. Lè ou konsome kawòt, li pèmèt ou fè prevansyon l tou. Kawòt ede ou lite kont enfeksyon po. Li pèmèt selil ki nan kò ou yo rejenere pi rapid.

Kawòt kapab ede ou goumen kont enflamasyon menm jan tou li kapab ede ou konbat konstipasyon. Li kapab amelyore pouvwa fè pitit ou tou.


AlixISRL
alixisrael53@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *