Nan kad yon rankont avèk 10 Direktè Depatmantal yo, Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Alex Larsen remèt yo yon lo materyèl pou relanse kanpay vaksinasyon kont Covid-19 la.
400 motosiklèt, 19 machin ladan yo yon anbilans, plizyè kit solèy ak anpil lòt materyèl ankò, se ansanm materyè ak ekipman titilè MSPP a bay ansanm direktè Depatmantal yo.
Nan yon diskou li te fè, nan okazyon an, Doktè Dr Alex Larsen pwofite remèsye remèsye UNICEF, USAID, OMS, OPS ak anpil lòt ONG ankò pou sipò yo bay nan kad relansman kanpay vaksinasyon kont pandemi an.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com