Sante : Timoun gen lè ki apwopriye pou l dòmi chak lannuit daprè anpil espesyalis

Daprè anpil espesyalis, timoun yo ta dwe dòmi chak lannuit ant 9è a 11è. Sa ap pèmèt yo rete konsantre nan aktivite yo ap fè lajounen.

Dòmi ta lannuit se pi move labitid yon paran kapab kite pitit li devlope. Rete byen ta devan televizyon oubyen telefòn, devan ekran an jeneral kapab gen repèkisyon nan lavi sosyal yon timoun.

Daprè anpil espesyalis, timoun yo ta dwe dòmi chak lannuit ant 9è a 11è. Sa ki vle di timoun yo dwe dòmi pou pi piti pandan 8è. Chèche yo ale pi lwen pou fè kwè si timoun yo ta dòmi mwens pase tan apropriye sila a, yo kapab akimile tout lè yo manke yo pa dòmi an e sa kapab jwe yon gwo wòl nan jan yo pral santi yo lajounen. Yo kapab pa konsantre nan tout sa yo ap fè tou.

Li enpòtan pou ankouraje timoun yo ale dòmi ant 9è a 11è. Sa enpòtan pou sante fizik yo ak mental yo.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Partager l'article article.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *