Komisè Gouvènman Pòtoprens lan mande tout prizonye ki te sove yo pote tèt yo vini

Komisè Gouvènman Pòtoprens lan mande tout prizonye ki te sove yo pote tèt yo vini

Komisè gouvènman Pòtoprens lan, Mèt Edler Guillaume, mande tout prizonye ki te sove kite penitansye nasyonal la pou retounen nan kazye yo. Nan yon ti pale l te fè ak kèk jounalis jedi 11 avril 2024 la, li menase yo poul di yo si yo pa vini, sa yo pran se pa yo.

Yon mwa apre bandi te atake penitansye nasyonal epi libere prizonye yo, youn nan moun ki nan aparèy jistis la resi reyaji. Nan yon ti pale ak laprès, Mèt Edler Guillaume ki ap dirije pakè Pòtoprens, mande tout evade yo pou tounen nan selil yo pou pita pa pi tris.

Avoka anonse l ap gen poul kominike yon rapò ak laprès poul di ki kantite prizonye ki sove e konbyen ki rete avèk tout lòt detay ki genyen sou evazyon an.

Deklarasyon sa a pa sispann fè moun ri, Mèt la vin parèt kòm yon blagè ki sou yon sèn k ap distrè moun ak sa l ap di yo.

Pou rafrechi memwa nou, se bandi viv ansanm yo ki te atake Penitansye nasyonal nan lannwit 2 pou rive 3 mas 2024 la epi fè prizonye yo soti, pami yo genyen anpil gwo asasen epi moun ki te sanble nan konplo pou te touye ansyen prezidan Jovenel Moïse yo.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *