Edito : Ariel Henry pa wè pi lwen pase pwent nen l

Edito : Ariel Henry pa wè pi lwen pase pwent nen l

Anpil fwa nou ta dwe poze tèt nou kesyon ki kote anpil fanm ak gason isit aprann fè politik oubyen èske se ego yo ki rive twò lwen ak mechanste yo vle fè Pèp Ayisyen an.

Depi lè Premye Minis Ariel Henry pran mayèt Peyi an nan men Claude Joseph, pa genyen anyen ki vin miyò alòske Politik se fason pou byen jere espas ki gen moun k ap viv. Desizyon Chèf gouvènman yo pa kadre ak reyalite Peyi a a viv ditou.

Ensekirite, grangou, lavi chè, blakawout, kidnapìn, elatriye, se reyalite sa yo pèp la t ap konnen ki vin anpire sou rèy Newochirijyen an ki pa janm fè anyen pou li rezoud.

Gouvènman an te pwomèt nan yon ti tan ki pa twò long t ap gen sekirite pou moun sikile liben libè, malgre efò Lapolis nan kèk zòn men Matisan, Kwadèboukè, Latibonit, Tòsèl toujou rete yon defi pou otorite yo. Kounya a se moun Kafoufèy ki nan kouri. Otorite yo fèmen je yo malgre tout vwa ki leve pou mande yo pou di yon mo.

Ekonomi peyi d’Ayiti ravaje, enflasyon an dènye jou sa yo depase 30%, yon chif Ayiti pat janm konnen nan listwa li depi kèk lanne. Dola a ap vale teren, goud la ap trepase. Yon ti gwoup ap fè bè yo sou do Pèp la.

Ministè Levasyon Nasyonal te prevwa rantre lekòl la pou 5 septanm ki sot pase a. Lakoz lavi a ki di ak yon rate gaz ki pèsiste epi ensekirite a k ap vale teren, gouvènman an deside repòte l pou 3 oktòb k ap vini la a. Pandan sitiyasyon an pa chanje, menm gouvènman sa a deside monte pri gaz la.

Pri gaz la jwe sou tout bagay nan peyi d’Ayiti. Depi pri l monte, tout lòt bagay ap vin pi chè. Sa ki te ka manje yon fwa pa jou ap vin paka manje, sa ki pat ka manje ap vin plis nan mizè. Timoun yo ap blije rete lakay paske bagay yo anmè tankou fyèl. Tout rezon sa yo leve kòlè moun yo ki fè genyen gwo deblozay nan lari a.

Premye Minis Ariel Henry ak ekip li a pa pran okenn desizyon pou ta ogmante salè minimòm lan pandan li monte gaz la, li pa fikse okenn pri machin, youn nan bagay ki konn kreye gwo bouch louvri ant chofè ak pasaje yo.

Dapre sa chèf Primati a fè konnen lajan li pral fè sou gaz la, se pou li achte manje pou touye vè nan vant sa ki pi mal yo. Ki manje atò ? Ti grenn diri Taïwan ki te deja ap pouri nan depo kèk politisyen vòlò ki pral touye moun yo ak maladi.

Tout save ki ak PM lan jete pwodiksyon nasyonal, sekirite ak touris ak tout lòt bagay ki te ka lakoz moun sa yo gen manje nan asyèt yo ak lajan nan pòch yo. Anpil lajan ap gaspiye nan dwàn chak jou, pil milyon ap depanse kote Minis ap dòmi nan otèl, anpil gwo biznismann gen franchiz dwanyè ki koute milyon, poutan yo tout akolit Ariel yo ap apiye desizyon tèt anba machòkèt la ap pran pou kout nen ak avantaj degouden pou kapab salye gwo jefò k ap fèt. Ki jefò atò?

Ariel Henry pa wè pi lwen ke pwent nenl.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *